• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Champions LeagueEuropa LeagueEuroLòt Koze
AKÈY UEFA Champions League

Champions League

Aprè 41 lane, Aston Villa rejwenn souri nan Ligue des Champions

sous: GolAyiti/imaj

18 septanm 2024   Benswilkenson Jean   169

Aston Villa jwe pou premye fwa yon match Champions League 41 lane aprè li pa t janm gen chans kalifye pou konpetisyon sila.



Avèk antrenè espanyòl la Unai Emery ki ap konnen yon bon moman nan ekip la, li pèmèt The Villan's yo, goute gout dlo Ligue des Champions an sou premye sezon fòma a chanje a.



Aston Villa fè yon bèl antre ak yon viktwa fasil 3:0 an deplasman sou tèren Young Boys pou premye match yo aprè 41 lane yo pa t jwe konpetisyon an.



Depi 16 mas 1983 ekip Aston Villa pa t janm patisipe nan Koup Ewòp. Peter White se te dènye bitè yo nan konpetisyon ewopeyen jis avan Tielemans vin brize malediksyon sa fas ekip Young Boys.



Viktwa sila retrase anpil tras dantan pou ekip Aston Villa ki make 3gòl pou premye fwa nan yon match Lig Dè Chanpyon Champions depi 3 septanm 1984.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou