• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Grenadye nou yo pandan premye jounen Seconde Ligue la

sous: GolAyiti/imaj

18 septanm 2024   Jacky Chéry   281

Lansman Seconde Ligue la ki se chanpyona dezyèm divizyon foutbòl fanm lan nan peyi Lafrans te yon opòtinite pou plizyè nan jwez ayisyèn yo te kapab jwe avèk klèb yo.



Sherly Jeudy ak Dayana Pierre-Louis avèk RC Lens, Maudeline Moryl ak Darlina Joseph pou Olympique Marseille, ajoute Jasmine Vilgrain avèk Rodez Aveyron te jwe pandan premye jounen sa.



Marseille ki genyen Le Mans 4-3 dimanch pase an te titilarize mitan tèren ayisyèn lan, Maudeline Moryl, ki jwe premye match li nan dezyèm divizyon an. Darlina Joseph k ap jwe dezyèm sezon l ak Phocéenne yo te rantre nan 10 dènye minit yo.



Bò kote RC Lens, jan sa te souvan fèt sezon ki sot pase an, de mitan tèren ayisyèn yo, Sherly Jeudy ak Dayana Pierre-Louis, te demare match sa menm jou dimanch lan ki fini nil (0-0) fas FC Metz.



Jasmine Vilgrain, ansyen kapitèn ekip rezèv Olympique Lyonnais an nan twazyèm divizyon, te jwe premye match ofisyèl li avèk Rodez Aveyron. Yon match Ruthénoise yo pèdi (0-1) fas Lille.



Pandan premye jounen an, nou kapab note absans Tabita Joseph ak Chelsea Domond pou Olympique Marseille, Joséphine Vanuxeem avèk Lille OSC ki pa t jwenn konvokasyon antrenè klèb respektif yo ak Jennifer Limage ki toujou poko reprann li.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou