• Like us
  • Follow us
  • Follow us
La LigaSegundaCopa del ReyLòt Koze
AKÈY ESPAY La Liga

la Liga

Marc Bernal pral pase plizyè mwa deyò tèren

sous: GolAyiti/imaj

28 Dawout 2024   Jacky Chéry   442

Jèn mitan tèren FC Barcelone lan, Marc Bernal, pral pase plizyè mwa deyò tèren akoz yon ripti ligaman kwaze anteryè li pran ayè madi a nan match fas Rayo Vallecano an.



Catalan yo ki genyen an deplasman nan Estadio de Vallecas lan (2-1) pèdi jèn mitan tèren pwomès li an, Marc Bernal, ki te jwe kòm titilè nan match sa ki konte pou twazyèm jounen Liga a.



Menmsi poko gen detay sou dire egzat endisponibilite Marc Bernal lan, mitan tèren Blaugrana a pa ta dwe rejwe foutbòl pou rès ane 2024 la.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou