• Like us
  • Follow us
  • Follow us
La LigaSegundaCopa del ReyLòt Koze
AKÈY ESPAY La Liga

la Liga

Move nouvèl pou Real Madrid

sous: GolAyiti/imaj

23 dawout 2024   Gamarck Antoine   645

Apre l fin soti frape nan antrènman maten vandredi 23 dawout la, Real Madrid enfòme nan yon kominike entènasyonal anglè a, Jude Bellingham, blese nan janm dwat li. Mitan tèren an pral pase anviwon yon mwa san jwe.



"Apre sèvis medikal Real Madrid fin fè egzamen pou Jude Bellingham jodi a, egzamen yo revele li gen yon lezyon nan janm dwat li", se konsa klèb merenge a anonse nouvèl la de (2) jou anvan yo al jwe kont ekip Real Valladolid la dimanch.



Bellingham te kite Borussia Dortmund nan ete 2023 pou debake nan Real Madrid. Li vin youn nan pilye ekip la. Mitan teren anglè a te jwe 42 match ak ekip Real Madrid la sezon pase a. Li te fè 23 gòl li e li te bay 13 pas gòl.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou