• Like us
  • Follow us
  • Follow us
La LigaSegundaCopa del ReyLòt Koze
AKÈY ESPAY La Liga

la Liga

Yon sitiyasyon konplike pou Kylian Mbappé

sous: GolAyiti/imaj

30 Dawout 2024   Jacky Chéry   337

Atakan fransè an ki poko ka jwenn mak li avèk Real Madrid afiche yon bilan katastwofik sou dènye mwa sa yo avèk sèlman 4 gòl pou 16 match li jwe tout konpetisyon melanje.



Sòti nan Ligue 1 an, pase nan dènye Lig Dè Chanpyon an, vin jwenn kòmansman sezon an avèk Real Madrid, Kylian Mbappé pa genyen menm nivo efikasite li te konn afiche anvan an ki te pèmèt li vini meyè bitè istwa Paris Saint-Germain an.



Depi gòl sou premye match li an avèk Madrilèn yo nan Sipèkoup Ewòp la fas Atalanta, kapitèn seleksyon Lafrans lan pa fè menm yon grenn gòl sou twa match li jwe nan Liga a.



Yon peryòd difisil ki la depi fen sezon pase an nan Ligue 1 pandan li t ap evolye sou koulè Paris Saint-Germain an e ki ta pral rapouswiv nan Euro 2024 la kote l ta pral enskri yon grenn gòl sou penalite nan 4 match li te jwe yo.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou