• Like us
  • Follow us
  • Follow us
La LigaSegundaCopa del ReyLòt Koze
AKÈY ESPAY La Liga

la Liga

Yon trè gwo operasyon pou FC Barcelone

sous: GolAyiti/imaj

31 Dawout 2024   Jacky Chéry   351

Pou katriyèm jounen Liga a, FC Barcelone fè yon laj viktwa lakay li, nan Olimpic Lluis Companys lan, fas Real Valladolid (7-0).



Yon kòmansman sezon san fot pou Katalan yo ki konnen yon katriyèm viktwa aprè 4 jounen Liga. FC Barcelone fè yon sèl bouche avèk Real Valladolid.



Gras avèk yon triple pou atakan brezilyen an, Rafinha, mete sou Lewandowski, Koundé, Olmo ak Ferran Torres, Katalan yo fè yon demonstrasyon 7-0 pou ranfòse pozisyon yo nan Liga a.



Yon kòmansman sezon ki bay satisfaksyon avèk Hans-Dieter Flick ki vin antrene ekip FC Barcelone lan. Antrenè alman an gentan mete Katalan yo nan tèt klasman Liga a avèk 12 pwen aprè 4 jounen.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou