• Like us
  • Follow us
  • Follow us
La LigaSegundaCopa del ReyLòt Koze
AKÈY ESPAY La Liga

la Liga

Yon twazyèm pou FC Barcelone nan Liga a

sous: GolAyiti/imaj

28 Dawout 2024   Jacky Chéry   372

Nan okazyon twazyèm jounen Liga a, FC Barcelone fè yon viktwa enpòtan kote l genyen Rayo Vallecano 2-1 an deplasman nan Estadio de Vallecas la.



Gras ak Pedri epi Dani Olmo ki bitè pou premye match li ak Catalan yo, FC Barcelone anrejistre twazyèm viktwa li pou sezon an nan Liga a aprè twa jounen.



Blaugrana yo ki te ankese premye gòl match la depi nan 9èm minit, te jwenn resous nesesè pou remonte pant lan nan dezyèm mitan an avèk nan yon premye tan egalizasyon an nan 60èm minit epi gòl viktwa a ki sòti nan pye Dani Olmo nan 82èm minit.



Yon kòmansman sezon ekstraòdinè pou Hansi Flick ki gentan okipe premye plas klasman Liga a avèk Catalan yo ki genyen 9 pwen sou 9, devan Villarreal ki genyen 7 pwen nan dezyèm plas la.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou