Jèn etwal Barcelone lan Lamine Yamal pa sispann fè pale de li depi kòmansman 17èm edisyon Euro 2024 la.
Ak sèlman 16 lane plis 353 jou, jèn pwodij espanyòl la bay dezyèm pas gòl li nan Euro a nan match kont Jòji a (4:1). Antrenè espanyòl la ki te titilarize jèn espanyòl la, te sèvi Fabian Ruiz 2èm pas gòl li pou konpetisyon an.
Yon pèfòmans ki pèmèt Yamal vini dezyèm jèn jwè apre Cristiano Ronaldo ki bay 2 pas gòl nan yon Euro san li poko genyen 18 lane.
Nan menm match la, Lamine te tou pwofite vini pi jèn jwè ki bay pas gòl nan yon faz eliminasyon dirèk nan Euro a.
Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou