• Like us
  • Follow us
  • Follow us
BundesligaBundesliga2DFB-PokalLòt Koze
AKÈY ALMAY Bundesliga

Bundesliga

Analiz : Harry Kane kontinye fè sa l konn fè

sous: GolAyiti/imaj

29 oktòb 2023   Steve Pierre   3606

Atakan anglè a, Harry Kane, veritab zam ofansif ekip Totthenam Hotspur la, nan lane pase yo, kite vil Lonn lan pandan ete a pou li al enstale l nan vil Munich anndan ekip Bayern Munich lan. Jwè 30 lane an rive e kontinye fè sa l konn fè ki se tranble filè.



Depi kèk sezon se yon veritab referans nan kesyon fè gòl an Ewòp. Lè w fin retire Cristiano Ronaldo, Messi, Suarez ak Lewandowski, premye non ki monte nan tèt tout moun se Harry Kane. Atakan an fè pale de li ni nan seleksyon an kote pou 87 match li fè 61 gòl oubyen ak Spurs yo kote l fè 280 gòl pou yo. Aprè 12 lane li fin pase anndan klèb la, Kane deside chanje lè, ak yon sèl objektif pou li al leve yon twofe, sa li poko janm fè nan karyè li.



Pandan mèkato estival la, jounal yo te voye Harry Kane nan 4 kwen Ewòp la, genyen ki te menm voye l nan peyi Arabi-Sawoudit. Jou ki te 12 dawout 2023 a, Bayern Munich anonse yo siyen jwè anglè a pou jiska lane 2027 e l ap gen pou pote nimewo 9 nan ekip sa. Kesyon tout moun ap poze "Èske l ap reyisi ak alman yo?"



Menm si premye match li, li pèdi Sipèkoup Almay la kont Leipzig (0-3), meyè bitè tout istwa seleksyon Angletè a pa sispann fè sa l konn fè. Jwè 30 lane a kontinye ap fè filè tranble tout kote l al jwe ak Bavawa yo. Depi lè l rive anndan ekip sa atakan an jwe 13 match li gentan make 14 gòl. Pou moun ki konnen Harry Kane se pa sèlman yon bitè se yon gwo pasè tou ak Tottenham selman se pase 70 pas desizif, pou sezon 2023/24 la, li gentan bay 7 pas gòl.



Menm si se kòmansman sezon an, nou wè anyen pa chanje kay atakan anglè a, malgre chanje chanpyona ak ekip, li toujou rete efikas devan gòl la.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Dènye atik yo

Medam Real Madrid yo bay gwo sezisman
  • 17 okt 2024, 3:59 PM
  • 281

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou