• Like us
  • Follow us
  • Follow us
BundesligaBundesliga2DFB-PokalLòt Koze
AKÈY ALMAY Bundesliga

Bundesliga

Bundesliga : Leverkusen konsève kouròn lidè, Bayern Munich rejwenn gou laviktwa

sous: GolAyiti/imaj

8 oktòb 2023   Steve Pierre   3753

Bundesliga a t ap konnen 7èm jounen li wikenn sa, Borussia Dortmund, Bayern Munich, Leverkusen tout ekip sa yo fè viktwa. Bochum koke nan gòj Leipzig.



Avan trèv entènasyonal la, Bundesliga a konnen wikenn sa 7èm jounen li. Bayer Leverkusen ki rete youn nan sansasyon chanpyona a pou kòmasman sezon a , fè yon viktwa (3-0) kont Köln. Neverkusen yo ki poko pèdi yon match pou sezon an konsève tèt klasman chanpyona Almay la.



Aprè match nil yo te fè wikenn pase kont ekip Leipzig lan (2-2), Bayern Munich sou bò pa l rejwenn gou laviktwa lè lkraze Freiburg (3-0), Coman ki fè 2 gòl ak Leroy Sané se te bitè yo. Poutan Leipzig, sou yon lòt bò kontinye ap doute, yo fè (0-0) ak Bochum ki 16èm nan klasman Bundesliga a.



Borussia Dortmund kontinye plonje Union Berlin plis nan twou a lè l bat li (4-2) ayè nan Signal Iduna Park la. Klèb kapital la konnen yon 5èm defèt nan chanpyona a.



Kijan klasman an ye :


1- Bayer Leverkusen 19 pwen


2- Stuttgart 18 pwen


3- Bayern Munich 17 pwen


4- Borussia Dortmund 17 pwen

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Dènye atik yo

Medam Real Madrid yo bay gwo sezisman
  • 17 okt 2024, 3:59 PM
  • 288

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou