• Like us
  • Follow us
  • Follow us
BundesligaBundesliga2DFB-PokalLòt Koze
AKÈY ALMAY Bundesliga

Bundesliga

Bundesliga : Stuttgart yon ekip k ap frape an silans

sous: GolAyiti/imaj

23 oktòb 2023   Steve Pierre   1758

Pandan week-end nan, Vfb Stuttgart kraze Union Berlin (0-3) e toujou konsève dezyèm plas Bundesliga a. Si tout moun ap pale de Leverkusen ak Xabi Alonso k ap konnen yon gwo kòmansman sezon, Sebastian Hoeneb ak Stuttgart ap frape tou an silans.



Pou n pale de Stuttgart fòk nou ale nan sezon 2022/23 a, kote yo te fini 16èm nan Bundesliga a. An Almay, lè fini nan plas sa pou w ka rete nan premye divizyon w ap gen pou jwe 2 match baraj ak ekip ki fini 3èm nan Bundesliga 2 a, klèb ki genyen baraj sa yo ap jwe nan premye divizyon lòt sezon. Si Vfb Stuttgart la nan D1 an sezon sa, se paske l te genyen baraj yo kont Hamburger SV (3-1/3-0), sa vle di (6-1) sou ansanm 2 match yo.



Si ane pase yo t ap goumen pou yo pa desann, ane a Die Roten yo ap goumen pou yon lòt bagay, y ap goumen pou yon plas nan konpetisyon ewopeyen yo. Sa kòmanse byen pou yo paske aprè 8 jounen nan chanpyona Almay la, yo fè yon sèl defèt kont Leipzig, men yo fè 7 viktwa, yo pye pou pye dèyè Leverkusen ki gen 22 pwen nan tèt klasman an.



Youn nan pwen fò Stuttgart sezon sa se Serhou Guirassy, atakan gineyen an make 14 gòl sou 25 ekip la fè nan chanpyona a. Die Roten yo tou ka konte sou defans yo an tou ki pran sèlman 8 gòl nan 8 jounen, 3èm meyè defans Bundesliga a. Si sezon pase Sebastian Hoeneb t ap bwete ak ekip la, sezon 2023/24 la kotch alman an sanble jwenn fòmil lan.



Pwochen match yo se wikenn sa kont Bochum, yon posiblite pou yo fè yon 8èm viktwa ak pou Serhou Guirassy ajoute sou kantite gòl li yo.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Dènye atik yo

Medam Real Madrid yo bay gwo sezisman
  • 17 okt 2024, 3:59 PM
  • 281

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou