• Like us
  • Follow us
  • Follow us
BundesligaBundesliga2DFB-PokalLòt Koze
AKÈY ALMAY Bundesliga

Bundesliga

Xabi Alonso ak Bayer Leverkusen mete fen nan rèy Bayern Munich lan

sous: GolAyiti/imaj

14 Avril 2024   Jacky Chéry   3823

Bayer Leverkusen ranpòte jodi dimanch lan, lakay li, premye tit chanpyon Bundesliga li epi nan menm okazyon an mete fen ak onz lane rèy Bayern Munich sou foutbòl alman an.



Nan yon demonstrasyon foutbòl, ekip Xabi Alonso an korije Weder Bremen 5-0 nan okazyon 29èm jounen Bundesliga a epi tou sakre chanpyon konpetisyon an, 5 jounen anvan fen chanpyona a.



Avèk 16 pwen devan Bayern Munich, Renan yo reyisi yon gwo kou nan istwa yo avèk premye tit sa ki rive nan yon pakou kolosal kote yo sou 43 match san defèt, 38 viktwa 5 match nil.



N ap raple, depi 2013, Bundesliga a te rele Bayern Munich chèmèt chèmètrès, avèk onz tit youn aprè lòt. Yon rekonpans kolosal pou kalite travay Xabi Alonso an.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Dènye atik yo

Medam Real Madrid yo bay gwo sezisman
  • 17 okt 2024, 3:59 PM
  • 288

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou