• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Yon viktwa difisil pou Olympique Marseille ki byen lanse Seconde Ligue la

sous: GolAyiti/imaj

15 Septanm 2024   Jacky Chéry   253

Seksyon fanm Olympique Marseille lan genyen an deplasman jodi dimanch lan Le Mans (4-3) nan okazyon premye jounen Seconde Ligue la.



Avèk Maudeline Moryl kòm titilè, Phocéenne yo ranpòte premye viktwa yo nan Seconde Ligue la aprè yon dezyèm mitan fou kote tout gòl yo fèt ladan l.



Gras ak Tess Laplacette, Marie-Charlotte Léger ki fè yon double, Mama Diop, Maseyèz yo genyen Le Mans lakay li 4-3, malgre jefò ekip anfans la ki pa t janm lage bay.



Yon viktwa enpòtan pou Frédéric Gonçalves ak medam li yo ki genyen pou prensipal misyon remonte Marseille nan premye divizyon Lafrans lan.



N ap note, atakan entènasyonal ayisyèn Darlina Joseph ki te demare sou ban pou match sa ta pral rantre nan 10 dènye minit yo. Chelsea Domond ak Tabita Joseph pa t jwenn konvokasyon yo menm.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou