• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Christiano François pasè desizif pou ekip Loudoun United la nan 30èm jounen USL championship la

sous: GolAyiti/imaj

15 septanm 2024   Gamarck Antoine   295

Samdi 14 septanm lan Loudoun United te resevwa ekip Birmingham légion an nan Segra Field la, match sa konte pou 30èm jounen USL championship la, Loudoun United bat 4-2, Christiano François te rantre nan 86èm minit li te bay pas 4èm gòl la.



Ekip Birmingham nan te ouvè eskò a nan 15èm minit e tou rantre nan vestyè ak avantaj eskò a, ekip Loudoun nan revize estrateji li nan dezyèm peryòd la, nan 56èm minit egalizasyon an te fèt , Birmingham te pran avantaj match la pou yon dezyèm fwa se te nan 63èm minit.



Ekip Loudoun nan te pran avantaj egalize 2-2 nan 68èm minit , nan 78èm minit li te pran avantaj match la pou premye fwa 3-1, Christiano François te rantre nan 86èm minit li te siyen yon pas desizif pou fransè a Floriant Valot nan 90èm minit pou fèmèn eskò a 4-2.



Aprè viktwa sa Loudoun United nan 7èm plas klasman ès la ak 37 pwen.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou