• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Miche-Naider Chery tonbe ak ekip Oakland Roots la nan 30èm jounen USL championship la

sous: GolAyiti/imaj

15 septanm 2024   Gamarck Antoine   197

Pou 30èm jounen USL championship la ekip Oakland Roots la te resevwa ekip san Antonio a nan CSUEB Pioneer Stadium samdi 14 septanm lan, Oakland Roots tonbe 1-0, Miche-Naider Chery te rantre nan fen match la.



San Antonio te ouvè eskò a nan 4èm minit se Solignac yon ajanten ki te fè gòl la, ekip Oakland lan te pran katon wouj nan 45+5 se Camden Riley yon ameriken ki te pran l akòz de yon diskisyon, malgre ekip Oakland lan te pase majorite pati nan match la ap domine li pa rive egalize.



Miche-Naider Chery te rantre nan 84èm minit, aprè defèt sa Oakland Roots okipe 6èm plas klasman lwès la ak 40 pwen.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou