• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Real Hope tonbe nan demi-final ale kont Cibao FC nan Caribbean Cup

sous: GolAyiti/imaj

23 oktòb 2024   Steve Pierre   134

Malgre yon gwo pèfòmans de Angelo Éxilus ki make 2 gòl, Real Hope FA pèdi (2-3) kont Cibao FC nan demifinal ale Concacaf Caribbean Cup la jodi 23 oktòb 2024 la. Klèb kapwa a genyen yon travay difisil pou l fè nan match retou a nan Repiblik Dominikèn 31 oktòb k ap vini an pou l ka rive nan final la.



Match la te kòmanse byen rapid pou Cibao FC, ki make premye gòl la nan 3zyèm minit gras ak Jean Carlos López. Men, Real Hope te reponn rapid, ak yon penalti Angelo Éxilus te transfòme nan 11zyèm minit pou egalize (1-1).



Lè de (2) ekip yo te retounen nan dezyèm mitan an, byen bonè dominiken yo te reprann avantaj la ak yon gòl Juan David Díaz nan 49zyèm minit. Malgre tout bagay, Real Hope te kontinye ap batay, Éxilus an bon atakan ta pral fè gòl nan 84èm minit pou fè klèb ayisyen an te retounen nan match la (2-2).



Sepandan, nan dènye segonn yo, Rivaldo Correa fè yon gòl nan 90+1 minit sou penalite, aprè Huguens Michel te pran katon wouj, pou bay Cibao FC viktwa a (3-2).



Ak defèt sa a lakay li, Real Hope FA pral genyen pou jwe yon match retou difisil. Yo dwe bat pou pipiti de (2) gòl deka si yo vle rive nan final konpetisyon an.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou