• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Zachary Herivaux pwolonje kontra l ak ekip Rhode Island la

sous: GolAyiti/imaj

23 oktòb 2024   Gamarck Antoine   169

Nan yon mesaj ekip Rhode Island FC a anonse mèkredi 23 oktòb la sou kont X dirijan yo fè konnen yo pwolonje entènasyonal ayisyen an Zachary Herivaux, kontra li t ap fini nan fen sezon sa, ekip la pouse l pou lane 2025, pou moman tranzaksyon sa ap tann apwobasyon USL championship la.



“Klèb la kontan pou l anonse li asepte pwolonje kontra mitan teren l Zachary Herivaux,


kontra Herivaux t ap fini nan fen sezon an, nou kontan kenbe l”.



Se konsa ekip Rhode Island lan anonse nouvèl la.



Entènasyonal ayisyen an ki genyen 28 lane gen yon enpak enpòtan nan ekip Rhode Island lan, li te kite ekip Rowdies Tampa Bay nan mwa jiyè 2024 la, Herivaux fè 4 gòl, li bay yon pas desizif nan 14 match sou koulè ekip Rhode Island lan.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou