Pou konfime bèl pèfòmans li nan seri kloti chanpyona a ekip Liga De Quito a te resevwa ekip Barcelona SC a nan estad Liga Deportiva Universitaria nan okazyon 5èm jounen seri kloti a, Liga de Quito bat 3-0.
Ekip Liga de Quito a te ouvè eskò apre sèlman de (2) minit nan jwèt la se entènasyonal chilyen an Cornejo ki te make, Quintero te mete gòl 2-0 a nan 29èm minit, ekip yo te rantre nan vestyè ak eskò 2-0 a.
Aprè poz mitan an ekip Liga de Quito a te pèdi youn nan pyès enpòtan l ki se entènasyonal kolonbyen an Julio ki te sòti blese, Leonel Quinonez te sèvi Quintero yon pas nan 79èm minit pou mete gòl 3-0 a e tou fèmen eskò a.
Ricardo Adé te jwe tout match la,li te pran yon katon jòn nan 37èm minit, se 5èm viktwa ekip Liga de Quito a nan 5 match ki jwe nan seri kloti a ki ba yo premye plas klasman an ak 15 pwen.
Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou