• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Ronaldo Damus make 12èm gòl li pou sezon an nan viktwa 2-0 ekip Colorado a fè

sous: GolAyiti/imaj

15 septanm 2024   Gamarck Antoine   225

Colorado Spring Switchbacks te resevwa ekip Charleston Battery a nan Weidner Fieldla samdi 14 septanm nan, se te nan okazyon 30èm jounen USL championship la, Duke Lacroix, Delentz Pierre te titilè, Ronaldo Damus te rantre nan dezyèm peryòd la li te fè yon gòl.



Ameriken an Dhillon te ouvè eskò a pou ekip Colorado a nan 14èm minit sa ki te pèmèt ekip la rantre nan vestyè ak avantaj 1-0, nan 55èm minit Dhillon te kite plas li pou entènasyonal ayisyen an Ronaldo Damus nan 73èm minit, Damus te fè gòl 2-0 a sou penal.



Se 12èm gòl Ronaldo Damus nan chanpyona sa ki mete l an 6èm pozisyon nan klasman bitè a, aprè viktwa sa ekip Colorado Spring Switchbacks la okipe 3èm plas nan klasman lwès la ak 44 pwen.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou