• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Yon bèl Fafa Picault ede ekip li sòti ak viktw nan 31èm jounen MLS la

sous: GolAyiti/imaj

15 septanm 2024   Gamarck Antoine   232

Fafa Picault ak ekip Vancouver Whitecaps la te resevwa ekip SJ Earthquakes ayè 14 septanm nan BC Place la , match sa rantre nan lis pou 31èm jounen MLS la , Vancouver bat 2-0, Fafa Picault te ouvè eskò a ak yon bèl kout tèt.



Entènasyonal ayisyen an Fafa Picault reponn ak yon bon enèji ofansif pou ekip li , aprè plizyè tantativ, li te ouvè eskò a ak bèl kout tèt nan 35èm minit, li te pwofite aprè Gauld te fin choute yon kònè.



Aprè poz la Fafa Picault te kontinye briye nan atak ekip Vancouver a, nan 51èm minit li te mete tèt li nan balon aprè yon sant balon a te al frape nan transvèsal la, malgre bèl pèfòmans li nan match la li te kite plas li nan 84èm minit pou ekosè a Amstrong, yon chanjman ki te pote rezilta akoz Amstrong te fè gòl 2-0 a nan 86èm minit.



Aprè viktwa sa ekip Vancouver Whitecaps la nan 5èm plas klasman lwès la ak 45 pwen.
















KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou