• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Seleksyon Nasyonal

Seleksyon Nasyonal

Antrenè seleksyon fanm Ayiti a se pi jèn antrenè nan mond lan



23 oktòb 2024   Benswilkenson Jean   113

Seleksyon nasyonal la antre nan batay pou konpetisyon Pink Ladies Cup la nan peyi Latiki jodi a kont ekip Jòdani an. Match sila fini nan avantaj medam grenadye yo ki genyen 4-2.



Se te premye jou antrenè fransè a Malou Quignette kòm nouvo antrenè ekip la. Li ranplase nan pòs sa konpatriyòt li Fréderic Gonçalvez.



Ak sèlman 27 lane kòm laj, Malou Quignette se pi jèn antrenè pou kounya nan mond foutbòl la kategori fanm kou gason.



Federasyon an te nonmen Malou nan tèt seleksyon an nan dat 1ye septanm pase a.



Antrenè a ki kenbe rekò kòm pi jèn antrenè nan tout istwa foutbòl la se, entènasyon ekwatoryèn Vanessa Arauz. Li te nonmen nan tèt seleksyon fanm Ekwatè a nan lane 2013 ak sèlman 23 lane.



Pou kounya Vanessa Arauz genyen 31 lane, li ap dirije ekip fanm Chili a.



Malou Quignette byen kòmanse ak seleksyon ayisyèn lan ak yon bèl viktwa kont peyi Jòdani (4-2) nan konpetisyon Ladies Cup la

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou