• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Seleksyon Nasyonal

Seleksyon Nasyonal

Ayiti kòmanse Pink Ladies Cup la ak yon viktwa kont Jòdani



23 oktòb 2024   Steve Pierre   92

Seleksyon foutbòl fanm Ayiti a fè yon bèl demaraj nan Pink Ladies Cup la nan peyi Latiki, kote yo fè yon viktwa enpòtan (4-2) kont Jòdani nan premye match yo ki te dewoule nan Émir Hotels Sports Complex jodia.



Grenadye yo te byen demare match la avèk yon gòl rapid nan 19èm minit gras ak Anyssa Ibrahim ki te ouvè eskò a. Nan fen premye mitan an, Amandine Pierre-Louis te double avantaj la nan 45e minit pou te pèmèt Ayiti 2-1 e pase devan anvan retou dezyèm mitan an aprè Jòdani te fin egalize nan 32èm minit.



Jòdani te reponn pandan match la, men Ayiti te kenbe tèt avèk yon gòl enpresyonan nan 49èm minit kote Batcheba Louis limen gadyen an ak yon bèl frap. Dayana Pierre-Louis te ajoute yon lòt gòl nan 56èm minit pou pote eskò a 4-1. Malgre yon dezyèm gòl Jòdani nan fen match la, Grenadye yo te kenbe avantaj la pou ranpòte yon viktwa solid 4-2.



Seleksyon fanm Ayiti a demontre yon bon kapasite atak pandan premye match yo nan Pink Ladies Cup la ak nouvo antrenè yo a tou, Malou Quignette. Kounye a, yo ap prepare pou pwochen rankont yo kont Taypey Chinwa, ki fikse pou 26 oktòb k ap vini la. Grenadye yo ap chèche kontinye sou bon chimen sa a pou ranpòte lòt viktwa nan konpetisyon an.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou