Relege nan Lig B, seleksyon nasyonal ayisyèn lan ap demare kanpay Lig Dè Nasyon 2024-2025 lan jodi vandredi an fas Pòtoriko.
Grenadye yo ki rasanble depi plizyè jou San Juan, pral kapab jwe fas Pòtoriko an deplasman a 8è nan aswè pou premye jounen Lig Dè Nasyon an.
Jwè Sébastien Migné yo pral jwe fas pòtoriken yo aprè pou yo resevwa Sen Maten toujou Pòtoriko 9 septanm k ap vini la.
N ap raple, seleksyon ayisyèn lan te desann nan Lig B aprè yon kanpay Lig Dè Nasyon katastwofik sou direksyon Pellegrino Calderón.
Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou