• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Seleksyon Nasyonal

Seleksyon Nasyonal

Yon tounwa entènasyonal pou seleksyon ayisyèn feminen an



14 Septanm 2024   Jacky Chéry   232

Seleksyon nasyonal ayisyèn lan ap genyen pou patisipe nan peyi Latiki sòti 24 pou rive 30 oktòb k ap vini la nan yon tounwa foutbòl fanm k ap genyen Mali, Jòdani ak Filipin.



Yon ti kras tan aprè ofisyalizasyon Malou Quignette kòm nouvo seleksyonè nasyonal, federasyon ayisyèn foutbòl la anonse patisipasyon medam Grenadye yo nan ti tounwa foutbòl sa ki vize pèmèt seleksyon an reprann aktivite.



Ekip nasyonal la ki pa t jwe depi match baraj Gold Cup fas Pòtoriko an nan kòmansman lane an, pral kapab jwe nan fen mwa oktòb la fas Mali, Jòdani ak Filipin nan tounwa sa k ap fèt ak 4 ekip nan peyi Latiki.



Medam ayisyèn yo ap genyen pou jwe nan dat 24, 27 ak 30 oktòb pou tounwa entènasyonal sa k ap ofri Grenadye yo twa match ki kapab konpetitif fas ekip sa yo ki sòti sou kontinan Azi ak Afrik lan.



Daprè Federasyon ayisyèn foutbòl, delegasyon ekip nasyonal la ta sipoze debake nan peyi Latiki nan entèval 15 a 21 oktòb pou prepare match sa yo k ap sèvi pou evènman 2025 yo.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou