Yon lòt viktwa pou FC Barcelone ki genyen jodi dimanch lan Girona 4-1 nan okazyon senkyèm jounen Liga a.
Gras ak yon double pou Lamine Yamal epi Pedri ak Dani Olmo, Katalan yo anrejistre senkyèm viktwa yo nan Liga a aprè senk jounen konpetisyon.
Yon bon kòmansman sezon pou antrenè alman an, Hansi Flick, ki mete Barcelone nan pi wo nivo foutbòl espanyòl la kòm sèl ekip nan Liga ki poko janm pèdi menm yon grenn pwen.
N ap note, FC Barcelone ta pral fin jwe match la a 10 kont 11 aprè yon katon wouj Ferran Torres pran nan 86èm minit jwèt la.
Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou