Tankou jan nou di l nan "misyon nou" an, GolAyiti vle enfòme, fòme, inove epi enspire jèn parèy nou pou ankouraje devlopman nan tout domèn tout pandan y ap itilize lang manman nou ak papa nou ki se Kreyòl la. Nan lide sa, GolAyiti kontan fè w konnen nou gen yon nouvo mizajou Aplikasyon Mobil GolAyiti a, yon mizajou nou fè pou bay tizè foutbòl yo yon pi bèl eksperyans epi fè yo jwenn enfòmasyon yo bezwen sou foutbòl lakay. Mizajou sa disponib pou w telechaje gratis sou Apple App Store (iOS) ak Google Play Store (Android).
Aplikasyon mobil nou an gen tout fonksyonalite ki sou sit nou an, ou kapab di aplikasyon an pi bèl toujou nan koze estetik. Li fasil pou itilize epi li pa lou ni boule chaj. Li pa itilize anpil done entènèt. Li pa mache nan aryèplan nonplis. Anplis, fonksyonalite sit nou an, sa vle di atik, kòmantè, efemerid... elatriye, aplikasyon nou an gen anpil opsyon ou pa jwenn sou sit la. Men kèk nan yo:
Gras ak bèl entèfas modèn sa, li vin pi fasil pou w navige nan aplikasyon an. Tout opsyon yo byen klè epi yo bèl devan je.
Kounya ou ka suiv rezilta match nan chanpyona nasyonal la andirèk sou aplikasyon an. Depi nan premye rive nan tan adisyonèl aprè 90 minit yo fin jwe. Ou ap jwenn klasman chanpyona a, klasman bitè yo byen vit lè match yo fin jwe. Konsa w ap toujou konnen ki kote ekip ou ye e w ap ka byen suiv chanpyona a menmsi w pa ta ka gade match la.
Jwèt sa (ki fè w panse ak TriviaCrack) se yon seri kesyon sou foutbòl pou itilizatè a reponn. Ou ap bezwen kreye yon kont pou w ka jwe l.
Gen 2 mòd diferan jan jwèt la. Gen mòd Defi kote jwè a ap reponn kesyon jiskaske l rate bon repons lan. Chak kesyon sa yo gen yon limit tan ki se 12 segonn epi chank bon repons bay jwè a 3 pwen.
Gen mòd Trivia kote jwè a ap reponn 10 kesyon an tou. Chak kesyon sa yo gen yon limit tan ki se 18 segonn epi chank bon repons bay jwè a 2 pwen.
Gen yon klasman jeneral epi gen yon klasman pa sèmèn. Klasman jeneral la konpile tout pwen tout jwè fè depi yo kòmanse jwe. Klasman semèn nan konpile pwen soti lendi pou rive dimanch.
Paj pwofil jwè a montre enfòmasyon sou jwè a tankou kantite pati li jwe, kantite pwen li fè, pati semèn sa ak pwen semèn sa.
kounya nou vin gen plis kesyon, plis fason ou ka jwe Trivia ki nan aplikasyon nou an. Èske w ka pran tèt klasman jeneral la? Èske w ka pi bon jwè pou yon semèn? Al teste konesans ou.
Kounya tout tizè kapab vin pale foutbòl sou aplikasyon nou an, fè kòmantè epi gade kisa lòt moun ap pale pou fè diskisyon foutbòl. Pa neglije montre sa ou konnen nan pataje konesans ou ak opinyon w.
Pandan ou ap li yon atik sou aplikasyon an ou ka itilize bouton pataje a pou w pataje lyen pou kontak ou yo oswa moun ki suiv ou sou rezo sosyal yo ki li atik sa tou. Pa neglije fè sa.
Ou ka jwenn notifikasyon sou dènye nouvèl yo, mizajou App la, pou w teste konesans ou nan jwèt la ak kèk lòt bagay ankò.
Nou mete enfòmasyon sou klèb ou se fanatik la pou w ka konn istwa klèb sa, estatistik li, eta finansye l ak anpil lòt bagay.
Malgre sa difisil, nou mete enfòmasyon esansyèl yo sou 18 dènye klèb ki te jwe chanpyona nasyonal premye divizyon an. N ap kontinye mete plis klèb ak plis enfòmasyon detanzantan.
Nou gen anpil enfòmasyon byen detaye sou jwè Ayisyen ki te jwe mondyal 1974 la, yo menm ki se fyète nou. Al aprann.
Nou p ap kache men voye wòch. Ou kapab wè tout ekip GolAyiti a sou aplikasyon an, sa yo fè ak enterè yo. Nou se yon ekip jèn ki gen foug.
Kisa w ta renmen nou fè, swa sou sit la, nan App la oswa an jeneral? Di nou sa nan bwat sijesyon nan App la. Ou ka itilize l pou w felisite ak ankouraje nou tou.
Anndan Aplikasyon an ou ka itilize bouton pataje a pou w pataje lyen pou kontak ou yo telechaje aplikasyon an tou. Pa neglije fè sa.
Mèsi paske w toujou li atik nou yo e suiv nou sou rezo sosyal yo. Nou p ap sispann pote tout nouvèl sou foutbòl yo pou ou nan bon ti mamit, an Kreyòl.
Telechaje aplikasyon an pou Android nan lyen sa
Telechaje aplikasyon an pou iOS(iPhone/iPad) nan lyen sa