GolAyiti ki se yon medya foutbòl ki pibliye sèlman an kreyòl. Nou plis pase yon sous pou nouvèl sou foutbòl, nou selebre kilti, idantite ak langaj Ayisyen. Nou fè pwomosyon pou Kreyòl la kòm yon zouti ki makonnen kominote Ayisyen an ak kòm yon zouti pou enfòme tout tizè foutbòl yo.
Gras ak teknoloji modèn yo nou rive kreye yon sit wèb 100% an Kreyòl. Mete sou sa, nou kreye aplikasyon mobil an Kreyòl toujou ki bay atik nou yo, enfòmasyon sou klèb Ayiti kou peyi etranje, jwè vedèt seleksyon nasyonal la. Nan aplikasyon nou an gen yon jwèt kesyon/repons sou foutbòl an Kreyòl toujou sa ki pèmèt itilizatè yo pran plezi yo e kenbe antouzyas yo.
Si ou apresye travay n ap fè a, gen plizyè fason ou ka sipòte nou epi ede nou grandi
Youn nan fason ki pi fasil pou ou sipòte nou se patje kontni nou yo, keseswa atik, piblikasyon sou rezo sosyal yo, videyo, imaj ak lòt aktivite
Chak pataj ede nou rive sou plis fanatik foutbòl ki pale Kreyòl.
Suiv GolAyiti sout tout rezo sosyal yo epi entèraji ak kontni nou yo.
GolAyiti se yon platfòm endepandan. Sipò finansye ap ede nou kouvri:
Ou ka sipòte nou finansyèman konsa:
Si w gen yon biznis oswa yon antite sosyal, ou ka esponnsorize GolAyiti pou fè pwomosyon pou ou nan odyans tizè foutbòl nou an.
Opòtinite pwomosyon sa yo gen ladan yo:
Si w ta renmen sipòte nou, kolabore ak nou oswa jwenn plis detay sou sipò ak lòt mwayen pou w sipòte nou, kontak te nou nan youn nan fason sa yo:
Mèsi paske w vle sipòte GolAyiti epi ede nou vin gen yon pi gwo kominote tizè foutbòl.