• Like us
  • Follow us
  • Follow us
BundesligaBundesliga2DFB-PokalLòt Koze
AKÈY ALMAY Bundesliga

Bundesliga

Analiz : Union Berlin nan mitan yon gwo tanpèt

sous: GolAyiti/imaj

8 novanm 2023   Steve Pierre   3137

Sansasyon Bundesliga a sezon pase, Union Berlin ap konnen yon move peryòd pandan sezon 23/24 la, aprè yon bon kòmansman chanpyona, klèb kapital Almay la pou kounye a ap konte defèt.



Sezon pase, Union Berlin se te sansasyon Bundesliga a avèk 8 match nil, 8 defèt epi 18 viktwa. Sa ki ta pral pozisyone yo nan 4èm plas klasman chanpyona a, ki te tou ba yo dwa al jwe Lig dè Chanpyon.



Pou sezon 2023/24 la, bèlinwa yo te poutan byen kòmanse avèk 3 viktwa. Youn nan koup Almay la (4-0) kont Walldorf epi 2 nan Bundesliga a kont Mainz ak Darmstadt, sou menm eskò a (4-1), lè sa nou te 28 dawout 2023.



Depi aprè dat sa, Union Berlin pa genyen youn nan match li jwe yo. Bilan an kanpe konsa : 13 match pou 12 defèt ak yon match nil, nan tout konpetisyon yo jwe. Yo 16èm nan Bundesliga a, yo elimine nan Koup Almay la e yo dènye nan gwoup C a nan Lig dè Chanpyon an. Jodi a ankò yo fè yon nil ak Napoli nan LDC an, ki vle di yo prèske elimine nan konpetisyon an.



Urs Fischer k ap antrene ekip sa depi 2018, ki sot nan dezyèm divizyon avè l ki mete l nan Lig dè Chanpyon pa rive jwenn solisyon pou fè machin bèlinwa a mache. Malgre dirijan yo gen tout konfyans nan li, èske tou li pa t ap pi bon si yo vin ak yon lòt antrenè?

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Dènye atik yo

Medam Real Madrid yo bay gwo sezisman
  • 17 okt 2024, 3:59 PM
  • 281

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou