• Like us
  • Follow us
  • Follow us
BundesligaBundesliga2DFB-PokalLòt Koze
AKÈY ALMAY Bundesliga

Bundesliga

Bayer Leverkusen, sansasyon foutbòl ewopeyen an sezon sa

sous: GolAyiti/imaj

31 Mas 2024   Jacky Chéry   4600

Gras ak viktwa nan dènye lè yo fè jodi samdi an 2-1 fas Hoffenheim nan okazyon 27èm jounen Bundesliga a, Xabi Alonso ak Bayer Leverkusen asire plas yo nan pwochen edisyon Lig Dè Chanpyon an.



Lidè chanpyona alman an aprè 27 jounen avèk 73 pwen, Bayer Leverkusen kontinye ap vanse pou ta ranpòte premye tit Bundesliga nan istwa l depi dat fondasyon l nan lane 1904.



Gras ak Robert Andrich nan 88èm minit, epi Patrick Schick nan premye minit tan adisyonèl lan, Bayer Leverkusen ranvèse Hoffenheim (2-1) ki t ap mennen 1-0 depi nan 33èm minit nan BayArena a.



Yon viktwa enpòtan ki pèmèt ekip Xabi Alonso an kontinye ap avanse pou ta ranpòte Bundesliga a epi tou kalifye pou pwochen edisyon Lig Dè Chanpyon an, yon konpetisyon yo pa jwe depi sezon 2016-2017.

KÒMANTÈ

Stéphanie / 1 avr 2024, 7:36 PM

Félicitations à vous les amis



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Dènye atik yo

Medam Real Madrid yo bay gwo sezisman
  • 17 okt 2024, 3:59 PM
  • 288

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou