• Like us
  • Follow us
  • Follow us
BundesligaBundesliga2DFB-PokalLòt Koze
AKÈY ALMAY Bundesliga

Bundesliga

Bayer Leverkusen kontinye ap fè tout moun sezi pou sezon an

sous: GolAyiti/imaj

27 Avril 2024   Jacky Chéry   2150

Ekip Bayer Leverkusen Xabi Alonso ap antrene an rive akonpli de bagay pyès klèb anvan l pa t rive fè nan sa ki gen pou wè ak seri match san pèdi.



Nan okazyon 31èm jounen Bundesliga a, Bayer Leverkusen fè remontada yon lòt fwa ankò fas Stuttgart pou evite premye defèt li sezon sa epi konnen yon 46èm match san defèt tout konpetisyon melanje.



Alòske yo te nan gwo difikilte fas Stuttgart ki t ap mennen 2-0 sou yo nan kòmansman dezyèm mitan an, jwè Xabi Alonso yo sove yon match nil (2-2) gras ak A. Adli (61’) epi nan dènye lè avèk Andrich (90+6’).



Ekip Bayer Leverkusen sa ki rive mete rekò pi long seri match san defèt nan foutbòl ewopeyen an, gen yon gwo patikilarite ki pa sispann fè moun apresye sezon fou li ap fè an la ki se gòl dènye lè li yo.



Chanpyon alman an ki reyisi mete 46 match san defèt pase deja pandan plizyè fwa tou pre defèt la, men toujou gen yon gòl nan tan adisyonèl ki vini pou evite yo defèt la.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Dènye atik yo

Medam Real Madrid yo bay gwo sezisman
  • 17 okt 2024, 3:59 PM
  • 281

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou