• Like us
  • Follow us
  • Follow us
BundesligaBundesliga2DFB-PokalLòt Koze
AKÈY ALMAY Bundesliga

Bundesliga

Bundesliga : Yon lane aprè, Manuel Neuer tounen

sous: GolAyiti/imaj

29 oktòb 2023   Steve Pierre   3228

Preske yon lane depi li te blese, Manuel Neuer rejwe, ayè, nan viktwa Bayern Munich fè kont ekip Darmstadt la.



Ayè, nan Allianz Arena, Bayern Munich t ap resevwa Darmstadt. Yon match a 2 figi, aprè yon premye mitan ekilibre ant 2 ekip yo ki te fini (0-0). Nan dezyèm mitan an, Bavawa yo maspinen, mitonnen advèsè yo a (8-0), Harry Kane fè 3 gòl, Musiala ak Sané yo chak fè 2 gòl epi lòt la se Thomas Muller.



Pandan match sa, Manuel Neuer tounen sou teren foutbòl. Dènye fwa li te jwe ak Bayern se te 12 novanm 2022. Pye jwè a ta pral kase pandan l t ap fè Ski. Gadyen 37 lane a retounen preske yon lane aprè, tounen li an fèt byen piske nan match la li pa pran gòl.



Aprè match la, yon jounalis te mande l èske talè li pran l tounen nan seleksyon an, chanpyon dimond 2014 la te reponn konsa :" M p ap panse ak seleksyon an, m ap panse sèlman ak Bayern. Ayè, Nagelsmann te rele m pou l di m bòn chans pou match la. Sa te fè m byen anpil. Men kounya m vle jwe plis match ak Bayern e pou m ap pwofite chak moman ak koyekipye bavawa m yo." Se te deklarasyon jwè a.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Dènye atik yo

Medam Real Madrid yo bay gwo sezisman
  • 17 okt 2024, 3:59 PM
  • 288

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou