• Like us
  • Follow us
  • Follow us
BundesligaBundesliga2DFB-PokalLòt Koze
AKÈY ALMAY Bundesliga

Bundesliga

Chanpyona Almay : Leverkusen nouvo lidè, Bayern ak Leipzig pèdi pwen

sous: GolAyiti/imaj

30 septanm 2023   Steve Pierre   4047

Sizyèm jounen chanpyona Almay la kòmanse depi ayè vandredi, avèk yon Dortmund ki fè yon viktwa. Jodi samdi a, Bayern Munich ak Leipzig pèdi pwen, Leverkusen pa rate okazyon pou vin nouvo lidè a.



Sizyèm jounen chanpyona Almay la se pou wikenn sa, li kòmanse depi ayè vandredi a lè Borussia Dortmund al bat Hoffenheim lakay li, (1-3). Marco Reus se youn nan bitè rankont lan, entènasyonal alman an rete sou 3 match youn dèyè lòt kote l ap fè gòl.



Pou jodi samdi a, nan kad chòk jounen sa, Leipzig fè (2-2) ak Bayern Munich, raple Die Bullen yo ta pral mennen (2-0) nan rankont lan gras ak Loïs Openda epi Lukeba. Pou retounen nan match la, Bavawa yo te bezwen èd Harry Kane sou penalite ak Leroy Sané. Match nil sa pa bon pou klèb Thomas Tuchel ap antrene a paske yo pèdi premye plas la.



Bayer Leverkusen se nouvo lidè chanpyona a, san fòse, nan Mewa Arena a, lakay ekip Mainz lan, Neverkusen yo al genyen ekip lokal la (0-3), Van den Berg (ki bay tèt li gòl) Grimaldo ak Hofmann, se te bitè match foutbòl sa. Si yon bò se lajwa, yon lòt kote se tristès, Union Berlin tonbe devan Heidenheim (1-0). Aprè yo te kòmanse ak viktwa nan Bundesliga a, Union Berlin konnen yon 4èm defèt youn kole ak lòt nan chanpyona a.



Klasman an pati konsa :


1- Bayer Leverkusen 16 pwen


2- Stuttgart 15 pwen


3- Bayern Munich 14 pwen (+14)


4- Borussia Dortmund 14 pwen (+6)

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Dènye atik yo

Medam Real Madrid yo bay gwo sezisman
  • 17 okt 2024, 3:59 PM
  • 288

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou