• Like us
  • Follow us
  • Follow us
BundesligaBundesliga2DFB-PokalLòt Koze
AKÈY ALMAY Bundesliga

Bundesliga

Yon ti rale mennen vini sou pi bon moman Bayer Leverkusen, ekip Xabi Alonso ap antrene a

sous: GolAyiti/imaj

11 me 2024   Benswilkenson Jean   3683

Klèb Alman Bayer Leverkusen kenbe tout pwojektè limen sou li depi nan kòmansman jiska fen sezon an.



Avèk antrenè prensipal yo Xabi Alonso, klèb sila a rete an mòd gwo ponyèt pandan 49 match yo deja jwe pou sezon an pandan yo sou 3 tablo.



Yon kout je sou klèb Bayer Leverkusen 04 la.



Klèb Bayer Leverkusen lan se pou yon sosyete ki pote non "Bayer" ki se yon sosyete chimik ak famasetik. Non "Leverkusen" lan sòti nan non chimis "Carl Leverkus".



Klèb sila a pran nesans li 1 jiyè 1904. Fernando Carro espanyòl 59 lane se prezidan klèb Bayer Leverkusen lan depi jiyè 2018, kontra l ap fini 30 jen 2027 nan tèt direksyon ekip la.



Anvan Xabi Alonso kòm antrenè prensipal klèb la, yo te fini 3èm nan Bundesliga nan sezon 2021-2022 ak Gerardo Soane kòm antrenè. Se antrenè sila Xabi Alonso te ranplase nan mitan sezon 2022-2023 a kote Alonso te fini 6èm nan klasman Bundesliga a.



BayArena ki gen yon kapasite 30210 plas ki fèt depi 1958 ak yon pelouz natirèl se estad Bayer Leverkusen resevwa match.



Nan chanpyona premye divizyon Almay la, Bayer Leverkusen ap jwe l depi 1979 san li pa desann nan dezyèm divizyon. Li se 2èm ekip aprè Bayern Munich ki kenbe konsa. Klèb Leverkusen lan chanpyon pou premye fwa chanpyona sa se sou Xabi Alonso, anvan sa yo fini dezyèm 5 fwa deja.



Ki Palmarès Bayer Leverkusen nan konpetisyon ewopeyen yo?


Nan konpetisyon ewopeyen yo ki gen pou wè ak Ligues des Champions, Europa League ak Conference League (apèn kreye), Bayer Leverkusen patisipe nan 2 pi gwo yo (Champions League ak Europa League).



Nan Champions League la, sou Klaus Toppmöller kòm antrenè ak Carsten Ramelow kapitèn yo rive fè final kont Real Madrid nan lane 2002 nan Hampdan Park la, yo pèdi 2-1 ( eskò depi nan premye mitan). Lúcio defansè brezilyen an se grenn jwè ki te make pou yo (14èm minit).



Bayer Leverkusen pran yon sèl twofe nan konpetisyon ewopeyèn yo ki se Europa League men ki te pote non Coupe UEFA.



Sezon 2001-2002 a se youn nan sezon klèb sila a ka plis regrete nan listwa yo. Yo te sou 3 tablo (Koup Almay, Bundesliga, Champions League) yo fini dezyèm nan tout. Yon sezon yo elimine Juventus, Manchester United, Arsenal ak Liverpool anvan yo te al pèdi fas Real Madrid nan final Champions League la.



Bayer Leverkusen ki nan pi gwo chanpyona Almay la depi 1979 reyisi chanpyon pou premye fwa ak Xabi Alonso pou sezon 2023-2024 la. Yon sezon ki pati pou fè yo bliye sezon ki te kite anpil chagren lakay yo nan lane 2001-2002 lè yo te fini 2èm nan tout konpetisyon yo.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Dènye atik yo

Medam Real Madrid yo bay gwo sezisman
  • 17 okt 2024, 3:59 PM
  • 281

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou