• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Saudi Pro LeagueArab CupAsian Champions LeagueSaudi CupLòt Koze
AKÈY AZI Asian Champions League

Asian Champions League

Cristiano Ronaldo bay omaj ak papa l aprè li fin bitè pou Al Nassr jodia



30 septanb 2024   Neuvième Junior   309

Jodi lendi a, Al Nassr fè viktwa ki bayo yon 3 pwen ki enpòtan nan kad dezyèm jounen Lig dè chanpyon Azyatik la.



Al Nassr ki te pataje pwen premye jounen an ak klèb irakyen an Al Shorta (1-1), fè premye viktwa li nan C1 Azyatik la. Sawoudyen yo rive enpoze 2-1 kont katari yo Al Rayyan nan yon match ki pa t fasil ditou nan Al Awwal Park la.



Nan wout pou fini premye peryòd la 0-0, Sadio Mané montre wout filè a ak koyekipye li yo pandan l te make premye gòl rankont lan sou yon kout tèt 45èm +3.


Aprè kou sipriz sa vizitè yo te fin pran, travay la te vin parèt pi fasil pou Al Nassr ki te tounen make yon lòt fwa.



Pou te fè dezyèm lan, Cristiano Ronaldo te tranble filè ekip Kata a nan 76èm minit. Pou selebre gòl la, pòtigè a te mete dwèt li anlè pou bay omaj ak papa l ki t ap genyen 71 lane jodia si li pa t mouri.



87èm minit, Roger Guedes te redwi eka a pou vizitè yo ki tonbe (2-1) lakay klèb sawoudyen an ki vin pase ak 4 pwen aprè 2 jounen nan C1 Azyatik la.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )