• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Danley jean jacques ak Philadelphia Union nan wout pou pa jwe pleyòf aprè defèt sa

sous: GolAyiti/imaj

3 oktòb 2024   Gamarck Antoine   176

Se nan Orlando City Stadium ekip Orlando City a te resevwa Danley jean jacques ak ekip Philadelphia Union nan aswè madi de (2) oktòb la, match ki te konte pou 36èm jounen MLS la, Philadelphia Union tonbe 2-1 sa ki mete l an dout pou dezyèm faz konpetisyon an.




Aprè yon premye peryòd ki te sere ant de (2) ekip yo ekip Orlando City a ki met tout pwa l nan balans lan pou l jwenn tikè pou al jwe pleyòf te pase vitès sou Philadelphia nan dezyèm peryòd la, 57èm minit Luis Muriel te sèvi irigweyen an Torres ki te fè gòl 1-0 a, nan 64èm minit pou enskri dezyèm pas gòl li nan match la Luis Muriel te sèvi ameriken an McGuire pou fè 2-0 a, Philadelphia te redwi eka a nan 72èm minit Danley te jwe tout match la.



Aprè defèt sa Danley jean jacques ak Philadelphia Union nan 10èm plas klasman ès la ak 37 pwen, espwa pou Philadelphia Union jwe pleyòf piti anpil.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )