• Like us
  • Follow us
  • Follow us
La LigaSegundaCopa del ReyLòt Koze
AKÈY ESPAY La Liga

la Liga

Yon premye distenksyon pou Lamine Yamal pou sezon an

sous: GolAyiti/imaj

3 oktòb 2024   Jacky Chéry   386

Ti jeni FC Barcelone lan, Lamine Yamal, ranpòte pri Jwè Mwa pou septanm lan aprè yon kòmansman sezon tèt chaje kote l te detèminan nan pifò rezilta katalan yo.



Avèk yon bilan 2 gòl ak 2 pas desizif nan 4 match, Liga a remèt Lamine Yamal pri meyè jwè pou mwa septanm lan kote l te desizif nan prèske tout match Blaugrana yo.



Aprè Raphinha ki te pran distenksyon sa pou mwa dawout la, Blaugrana yo kontinye rekonpanse pou bèl kòmansman sezon yo an kote yo lidè Liga a.



N ap raple, pandan vakans lan, Lamine Yamal te deja fini meyè jèn jwè Euro 2024 la. Yon konpetisyon Espay te ranpòte.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )