• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Fafa Picault konnen yon sware konplike ak ekip Vancouver Whitecaps la

sous: GolAyiti/imaj

3 oktòb 2024   Gamarck Antoine   260

Nan okazyon 35èm jounen MLS la Vancouver Whitecaps ak Fafa Picault te resevwa ekip Seattle sounders nan BC Place la madi de (2) oktòb la, Vancouver tonbe 3-0, Fafa Picault pran katon wouj.



Premye peryòd la te fini 1-0 yon gòl Vancouver te pran nan 14èm minit, aprè poz la Vancouver te pran de (2) lòt gòl 65èm sou penal ak 67èm minit 3-0, Seattle sounders te jere eskò e fè viktwa san pran gòl, Fafa Picault te pran yon premye katon jòn nan 46èm minit e li te pran yon dezyèm katon jòn nan 88èm minit.



Dènye fwa Vancouver te fè yon viktwa nan MLS la se te nan dat 14 septanm pase a yo te bat ekip san José Earthquakes 2-0, pou 2 dènye match Fafa Picault ak ekip li nan MLS la li pèdi 2 li fè 2 match nil.



Aprè defèt sa Vancouver Whitecaps nan 7èm plas klasman lwès la ak 47 pwen, li toujou nan wout pou jwe pleyòf.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )