• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Saudi Pro LeagueArab CupAsian Champions LeagueSaudi CupLòt Koze
AKÈY AZI Asian Champions League

Asian Champions League

Riyad Mahrez tounen jwenn wout kan sou 134 jou



30 septanb 2024   Neuvième Junior   211

18 me 2023, se dat Riyad Mahrez te make yon gòl. Depi aprè gòl sa, ansyen jwè Manchester City a pa t janm gen chans fè fanatik yo kontan.



Malgre masak Al Ahli te fè (5-1) fas Abha nan chanpyona Arabi a, jwè 33 lane a pa t pwofite moman an. Jodia, nan kad Lig Dè Chanpyon Azyatik la, dezyèm jounen, algeryen an debloke kontè l fas Emirati yo ki se Al Wasl (0-2).



Sou yon long balon defansè santral Roger Ibanez nan twazyèm minit, kapitèn Aljeri a fè yon bèl apèl pou li te poukont li ak gadyen advèsè yo e fè kapasite teknik li pale pou jis li rive anwoule yon chout nan bò dwat gadyen an pou make.



38èm minit, goche a te chanje wòl. Fwa sa, li te depoze yon konè sou tèt nouvo jwè yo a Ibañez ki te tou make gòl (0-2) a. Dènye fwa jwè a te bay yon pas gòl, se te menm 18 me sa. Yon pèfòmans ki fè alljeryen yo santi yo byen anvan 3èm ak 4èm jounen eliminatwa CAN 2025 lan.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )