• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Fafa Picault ak ekip li tonbe an deplasman nan 19èm jounen MLS la

sous: GolAyiti/imaj

16 jen 2024   Gamarck Antoine   1100

Se samedi 15 jen 2024 la Fafa Picault ak ekip li Whitecaps de Vancouver deplase pou afwonte ekip New England Revolution an nan estad Gillette Stadium, match sa konte pou 19èm jounen MLS la.



Ekip New England lan te ouvè eskò a nan 7èm minit, vizitè yo pa t pran tan pou egalize nan 13èm minit, ekip New England lan te pran avantaj la nan 21èm minit 2-1, nan 39èm minit 3-1 an te fèt se ak eskò sa tou yo te rantre nan vestyè.



Aprè poz la, estaf teknik Vancouver a te rantre ak Fafa Picault byen bonè, se te nan 46èm minit, Fafa te pran yon katon jòn nan 89èm minit, Vancouver te redwi eka nan 90+4. Aprè defèt sa ekip Vancouver a okipe 5èm plas klasman lwès la ak 25 pwen.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )