• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Yon dezyèm siksè pou AS Saint-Etienne nan Arkema Première Ligue la

sous: GolAyiti/imaj

29 Septanm 2024   Jacky Chéry   239

Yon sezon ki byen kòmanse pou AS Saint-Etienne ki konnen dezyèm viktwa yo sou de(2) jounen konpetisyon an ki jwe deja. Ayè samdi an yo genyen Nantes FC 1-0 an deplasman.



Aprè yon viktwa 2-1 wikenn pase a nan ouvèti Arkema Première Ligue la kote Amandine Pierre-Louis te fè yon gòl epi bay yon pas desizif, Stefanwaz yo genyen FC Nantes an deplasman sou yon gòl Cindy Kaputo make nan lage match la (2’).



Gras ak viktwa sa, AS Saint-Etienne pozisyone l annatandan nan dezyèm plas klasman an, menm kantite pwen ak Olympique Lyonnais ki te deja kraze RC Strasbourg 6-0 nan jounen vandredi an.



N ap note, Roseline Eloissaint ki se jwez FC Nantes pa t nan match la akoz li toujou poko kapab reprann li de ripti ligaman kwaze li te fè ane pase an.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )