• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Seleksyon Nasyonal

Seleksyon Nasyonal

Ayiti byen lanse Lig Dè Nasyon an



7 Septanm 2024   Jacky Chéry   442

Pou premye match li nan Lig Dè Nasyon an, seleksyon ayisyèn lan fè yon gwo viktwa ayè vandredi an 4-1 fas Pòtoriko ki t ap resevwa l.



Aprè yon premye mitan konplike kote pòtoriken yo te louvri eskò a nan 28èm minit sou yon gòl Gerald Dias, Grenadye yo ta pral enskri 4 gòl nan dezyèm mitan an pou genyen match la.



Gras ak Danley Jean-Jacques nan 50èm minit ki te jwenn egalizasyon an, Frantzdy Pierrot (59’) ta pral bay Grenadye yo avantaj la, anvan Deedson (76’) ak Nazon (83’) te patisipe nan viktwa a.



Pwochen match seleksyon ayisyèn lan se pral pou lendi 9 septanm k ap vini la fas Sen Maten ki te genyen Awouba 2-0 nan menm jounen vandredi an.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )