• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Seleksyon Nasyonal

Seleksyon Nasyonal

Lourdjina Étienne entegre gran seleksyon medam yo



01 Oktòb 2024   Benswilkenson Jean   267

Jèn etwal briyan ayisyèn lan Lourdjina Étienne ki te fè dekouvril nan chanpyona U17 CONCACAF la finalman pral pote koulè seleksyon nasyonal senyò a.



Lourdjina Etienne ki te twouve l nan peyi Lafrans nan yon estaj ak klèb Paris Saint-Germain an jwenn konvokasyon l pami 23 jwè nouvo antrenè seleksyon an Malou Gignet rele pou al reprezante Ayiti nan yon tounwa entènasyonal ki ap fèt nan peyi Tiki sòti 23 pou bout 30 oktòb ki ap vini la.



Lourdjina pral genyen posiblite pou moutre tout potansyalite l ak itilite l nan seleksyon an bò kote sipèsta ayisyèn lan Melchie Daëlle Durmonay ki retounen nan seleksyon an aprè yon ti tan absans.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )