• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Seleksyon Nasyonal

Seleksyon Nasyonal

Yon posib retou Jasmine Vilgrain nan seleksyon nasyonal la



30 Septanm 2024   Jacky Chéry   309

Defansè santral Rodez Aveyron nan Seconde Ligue la jwenn yon lòt konvokasyon pou rejwenn seleksyon nasyonal ayisyèn lan k ap genyen pou jwe twa match amikal pandan mwa oktòb la.



Aprè premye seleksyon li an nan mwa oktòb 2022, Jasmine Vilgrain kapab retounen nan ekip nasyonal Ayiti an 2 lane aprè. Defansè 22 lane an pami 22 jwez Malou Quignette pou pwochen rasanbleman Grenadye yo.



Ansyen defansè rezèv Olympique Lyonnais an, k ap jwe nan Seconde Ligue la pou sezon sa nan Rodez Aveyron, pral kapab pote konpetans ak pasyon li pou ranfòse kapasite seleksyon nasyonal ayisyèn lan.



Jasmine Vilgrain, ki te deja jwe sou koulè Kanada nan ekip jèn yo, fè chwa pote mayo Grenadye yo depi 2022 nan ekip senyò an kote l pral kapab patisipe nan yon tounwa nan peyi Latiki k ap genyen Taywann, Jòdani ak Larisi.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )