Tiraj pi gwo konpetisyon peyi CONCACAF yo fèt jodi a. Menm jan ak peyi nou Ayiti, peyi vwazen an (Sendomeng) konnen kiyès ki advèsè l.
Sedofutbol se jwèt non yo bay ak seleksyon dominikèn lan. Peyi vwazen pral konnen premye patisipasyon l nan yon konpetisyon majè.
Dominiken yo fè eksplwa istorik sa aprè yon gwo viktwa yo te fè sou Bèmid 6-1 nan lane 2024 ki te ba yo tikè kalifikasyon yo ni pou premye divizyon Ligue des nations an ak tikè dirèk yo pou Gold Cup 2025 lan.
Sedofutbòl yo tonbe nan gwoup A kote yo gen kòm vwazen Meksik, Kostarika ak Sirinam. Se pral premye pa yo nan yon konpetisyon majè nan zafè foutbòl. Paske anvan sa yo potko janm patisipe nan yon konpetisyon konsa, ni yo poko janm patisipe nan yon Mondyal. Sa Ayiti fè nan lane 1974. Kanta pou Gold Cup la se yon abitid li ye pou Grenadye yo ki souvan patisipe nan konpetisyon sila a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou