FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Yon jwenn yon abit ki te nan lis pou mondyal 2026 la mouri

imaj atik la

14 jiyè 2026   Benswilkenson Jean   796

Rob Dieperink, yon abit olandè 38 lane ki te nan lis pou mondyal 2026 la mouri. Yo jwenn li mouri san yo pa bay okenn detay sou sikonstans lanmò an.


Fifa te seleksyone Rob anvan mondyal la kòmanse. Men britsoukou, FIFA revoke abit olandè a nan mwa me pase a. Revokasyon sa te vini akoz Rob te gen akizasyon agresyon seksyèl sou yon ti gason sou do l. Sa ki te fè FIFA sanksyone l.

Malgre lajistis te di abit la pa koupab nan dosye a, men FIFA pa t retire sanksyon an. Sa te fè li te rate mondyal 2026 la.

Rob Dieperink mouri lendi 13 jiyè a ak sèlman 38 lane, lakay li nan Peyiba.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou