Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Swit ak blesi Gavi sibi ki vin lakoz li pral rate kèk mwa san touche balon, jwè FC Barcelone lan ki konnen kisa sa vle di lè koyekipye ak fanatik ap sipòte ou fason yo kapab, reyaji nan yon pòs li fè sou rezo a kote l degaje flanm li genyen pou klèb la nan fason li pale.

Sou Instagram li, jèn talan katalan an pibliye yon foto l pandan li nan lopital la kote li antoure ak koyekipye li yo tankou Ronald Araujo, Pedri ak Lamine Yamal. Nan menm piblikasyon sa, Gavi pwofite ekri yon mesaj pou remèsye fanatik katalan yo pou sipò yo.
«Sa ki rekonèt mwen yo konnen m ap toujou la chak fwa sa mande pou mwen defann Barça ak pwòch yo jiskobou." Yon vrè chanpyon pa fèt nan moman siksè, men nan moman li leve aprèl fin tonbe." Mèsi tout moun pou mesaj ankourajman e afeksyon yo!».
Piblikasyon jwè ki fòme nan masya.
N ap ajoute Gavi te soufri ak menm pwoblèm ligaman kwaze sa nan sezon 2023-2024 la ki te lakoz li rate plizyè rankont.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou