ESPAYLaLigaSegundaCopaDelReyLòt
AKÈY ESPAY LaLiga

LaLiga

Athletic Bilbao pran pozisyon anfavè yon soutyen pou Palestin

imaj atik la

5 Oktòb 2025   Jacky Chéry   784

Estad San Mamés lan se te teyat ayè samdi an yon inisyativ soutyen majè piblik Athletic Bilbao an anfavè pèp palestinyen an k ap soufri nan Gaza depi 2 lane. Anvan match kont Majorque lan, yon gwoup refijye palestinyen te rantre sou tèren an sou gwo aplodisman piblik lan.


Jan se te anonse vandredi an, dirijan Athletic Bilbao yo òganize nan San Mamés lan yon seremoni kote yon seri refijye palestinyen ak reprezantan UNRWA te patisipe nan kad yon aksyon solidarite fas ak sitiyasyon ki genyen Gaza a nan okazyon 125èm anivèsè klèb lan.

Nan entèval jwè 2 ekip yo te fin rantre sou tèren an ak kout siflè pou kòmanse match la yon gwoup Palestinyen k ap viv nan rejyon bask lan ak plizyè reprezantan UNRWA te rantre sou tèren an nan moman piblik lan t ap aplodi epi repete “ Athletic
avèk Palestin. Mete fen nan Jenosid la”.

Anvan menm evènman jodi samdi an, klèb espanyòl lan te deja lanse yon pwojè nan tèt kole avèk UNRWA, ki vize soutni anviwon 8000 timoun palestinyen ki nan peyi Lasiri.

Akote prezans refijye palestinyen yo nan San Mamés lan, plizyè santèn patisipan koz sa te pran lari a nan rejyon katalòy lan pou montre soutyen yo avèk pèp palestinyen an. Ansyen antrenè FC Barcelone lan, Pep Guardiola, te envite abitan Katalan yo pran lari jodi samdi an pou manifeste sipò yo avèk Palestin epi mande kanpe Jenosid lan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )