ESPAYLaLigaSegundaCopaDelReyLòt
AKÈY ESPAY LaLiga

LaLiga

Atlético Madrid pa sispann soufri : èske se finisman epòk Cholo Simeone a?

imaj atik la

21 septanm 2025   Steve Pierre   1078

Atlético Madrid te rantre nan nouvo sezon an ak anpil espwa, espesyalman aprè yon mèkato kote yo achte plizyè jwè pou ranfòse ekip la. Men, depi kòmansman sezon foutbòl la, machandiz la pa delivre ditou.


Nan 5 match chanpyona yo, rojiblancos yo sèlman genyen 1 fwa, yo pèdi 1 match, epi fè 3 match nil. Lè n ajoute defèt nan Ligue Des Champions an kont Liverpool (3-2) nan mitan semèn nan, sa fè yon total 6 match kote Simeone ak jwè li yo pa rive bay okenn satisfaksyon.

Jodi dimanch lan, sitiyasyon an vin pi rèd ankò aprè yo fè yon lòt nil (1-1) kont Real Mallorca nan 5èm jounen La Liga a. Malgre tout nouvo jwe yo te achte pandan ete a, ekip la poko jwenn yon estil ki mache. Sa fè anpil fanatik santi transfè yo se lajan gaspiye pou kounye a.

Kesyon an ap poze: Èske se finisman epòk “Cholo” Simeone a? Aprè plis pase 13 lane sou ban Atlético a, metòd defansiv li yo parèt pa bay menm rezilta yo ankò, poutan rival yo kontinye grandi. Si rezilta yo pa chanje rapid rapid, dirijan yo ka oblije reflechi sou yon lòt chwa pou lavni klèb la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )