Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Pou match ki konte pou 8èm jounen Liga espanyòl lan, FC Seville fè yon sèl bouche ak FC Barcelone nan estad Sanchez Pizjuán lan. Katalan yo tonbe 4-1 epi tou pèdi premye plas klasman Liga a.
San Lamine Yamal ak Raphinha, FC Barcelone pa t fè pwa fas yon ekip FC Seville ki te metrize advèsè an pandan pratikman tout 90 minit lan. Malgre yon bon pèfòmans pou Marcus Rashford ki enskri grenn gòl Katalan yo anvan fen premye mitan an, Blaugrana yo pa t rive fè fas ak atak Sevillan yo ki te gen ladan l Alexis Sanchez, Ruben Vargas ak Isaac Romero.
N ap note, Katalan yo te gen posiblite pou mete match lan 2-2 anvan dènye kadè an avèk yon penalite Robert Lewandowski ta pral chita deyò. Blaugrana yo ta pral pran 2 lòt gòl nan minit adisyonèl yo avèk Carmona epi Adams pou finalman genyen match la 4-1.
Avèk viktwa sa pou Sevillan yo, klèb katalan an pèdi premye plas klasman Liga a nan avantaj Real Madrid ki genyen ayè samdi an Villarreal 3-1 gras avèk yon gwo pèfòmans pou Vinicius Jr ki enskri yon double.
Aprè 8 jounen konpetisyon, Blaugrana yo okipe dezyèm plas lan avèk 19 pwen yo an. Anvan match sa fas FC Seville lan, FC Barcelone potko konnen gou defèt depi kòmansman sezon an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou