Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Klasik espanyòl la ki mete Real Madrid kont FC Barcelone ap jwe premye rankont yo pou sezon 2025-2026 la. Jèn atakan Barcelone lan Lamine Yamal simen yon ti piman nan koze a.
Jèn atakan espanyòl 18 lane a pale sou rankont Real vs Barça a nan yon emisyon 2 jou anvan match la ki ap jwe dimanch 26 oktòb la.
Nan yon emisyon an dirèk avèk jounalis espanyòl chèn Twitch la Ibai Llanos, jèn atakan Barcelone lan Lamine Yamal fè yon seri deklarasyon ki endekse vestyè ak direksyon klèb madrilèn lan. Nan entèvyou sa Lamine Yamal fè konnen Real Madrid toujou ap vòlè epi se yo ki toujou ap plenyen ankò. Jwè a fè konnen yo ka bay Real Madrid yon lòt 4-0 ankò dimanch.
Ibai Llanos : Ou panse dimanch sa se kapab yon 4-0 ankò?
Yamal: Non mwen pa di sa men sa ka rive.
Yamal: Bernabeu a difisil men se pa pou Barcelone, dènye fwa mwen te jwe la a mwen ak Barcelone te bat 4-0 epi m te fè gòl.
Ibai Llanos: Èske Real Madrid konn vòlè?
Yamal: Ui yo konn vòlè epi se yo ki toujou ap plenyen.
Yon seri deklarasyon ki pa fè vestyè Real Madrid la byen ditou. Selon medya Cope, direksyon Real Madrid la kapab menm voye Carvajal pou al pale ak Yamal aprè Clasicó a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou